Ti Papiyon ak Flè Yo

The Butterflies and the Flowers — An interactive Haitian Kreyòl lesson

Vwala te gen twa (3) papiyon. Youn te wouj. Youn te woz. Youn te jòn. Pi gran plezi frè ak sè sa yo se te benyen nan solèy la ak danse sou bèl flè nan jaden an. Yo pa te janm bouke paske yo te toujou gen kontan.

Yon jou, te gen yon gwo lapli. Zèl yo te mouye tranp. Tout kote yo te eseye kouri, lapli pi rèd.

Pandan y ap vole konsa, yo wè yon choublak.

Papiyon wouj la di :
« Gade choublak sa a menm koulè ak mwen. Kite m al mande li pou l louvri pòt li pou nou ka pare lapli a. »
Papiyon wouj la di :
« Bonjou Kòmè Choublak. Èske ou ka kite nou rantre lakay ou pou nou tann lapli a pase souple ? »
Choublak la reponn :
« Papiyon wouj la mèt antre paske li gen menm koulè ak mwen. Men papiyon woz la ak papiyon jòn nan, nou mèt rete deyò. »
Papiyon woz la di :
« Si frè ak mwen yo pa ka rantre lakay ou, ou mèt kite sa. M ap rete deyò a anba lapli a ak yo. »

Lapli a te tonbe pifò, epi ti papiyon yo t ap tranble tankou fèy bwa. Pandan y ap vole toujou, yo wè yon flèdizè ki gen menm koulè ak papiyon woz la.

Papiyon woz la di :
« Pouki nou pa al mande li pou nou pare anba li pito ? Li gen menm koulè ak mwen. »
Flèdizè a reponn :
« Papiyon woz la mèt antre paske li gen menm koulè ak mwen. Men lòt yo, n ap oblije rete deyò. »
Papiyon woz la di :
« Enben si frè mwen yo pa ka antre, an nou bay vag. M pito rete deyò ak yo. Mèsi anpil. »
Papiyon jòn nan di :
« Pouki nou pa al mande li pou nou pare anba li pito ? Koulè li jòn menm jan ak mwen. »
Flè solèy la reponn :
« Papiyon jòn nan mèt antre paske li gen menm koulè ak mwen. Men lòt yo, rete deyò. »
Papiyon jòn nan di :
« Enben si frè ak sè mwen yo pa ka antre, m pito rete deyò ak yo. Mèsi kanmenm. »

Lapli a te tèlman fò, ti papiyon yo te vlope youn ak lòt pou fè yon sèl. Dlo lapli a ak dlo nan je yo te anvayi tout kò yo. Yo pa te ka sipòte ankò.

Solèy la te dèyè yon nyaj l ap gade. Sa te fè li lapenn. Li te wè kijan ti papiyon yo te rete soude malgre gwo lapli ak van. Li pouse nyaj la pou chase lapli a.

Limyè li te klere tout jaden an. Li seche zèl papiyon yo. Li chofe kò yo. Yo te sispann kriye. Ti papiyon yo te pran plezi yo nan jaden an jiskaske solèy la te kouche.

papiyon
butterfly / butterflies
noun
wouj
red
adjective / color
woz
pink
adjective / color
jòn
yellow
adjective / color
jaden
garden
noun
flè
flower / flowers
noun
lapli
rain
noun
solèy
sun / sunshine
noun
choublak
hibiscus (national flower of Haiti)
noun
zèl
wings
noun
tranble
to tremble / shiver
verb
mouye
wet / soaked
adjective / verb
kè kontan
happy / joyful heart
expression
rantre
to enter / come inside
verb
danse
to dance
verb
lapenn
sadness / sorrow
noun
seche
to dry
verb
nyaj
cloud
noun

1. Ki koulè papiyon ki te premye mande abri nan choublak la?

2. Ki sa mo "choublak" vle di an anglè?

3. Ki sa pwovèb "Mizè yon kongo se mizè tout kongo" vle di?

4. Ki sa "kè kontan" vle di?

Haitian Kreyòl Colors (Koulè)

Colors in Kreyòl follow the noun they modify — just like in French. They don't change form for gender.

KreyòlEnglishExample
woujredpapiyon wouj — red butterfly
wozpinkflè woz — pink flower
jònyellowsolèy jòn — yellow sun
blebluesyèl ble — blue sky
vètgreenfèy vèt — green leaf

Past Tense with "te"

In Kreyòl, the word te is placed before the verb to indicate the simple past. It doesn't change.

Kreyòl (past)English
Yo te danse.They danced.
Li te mouye.It was wet.
Lapli te tonbe.Rain fell.
Solèy la te klere.The sun shone.

Definite Article: "la / a / an"

Kreyòl uses a definite article placed after the noun. The form changes based on the final sound of the word — but the meaning is simply "the".

FormUsed when…Example
lamost wordsjaden an — the garden
aends in vowelflè a — the flower
annasal endingjaden an — the garden